Dèlma : Majistra Wilson Jeudy lanse operasyon pou demoli konstriksyon ilegal sou twotwa yo

248
0
Share:
TRiboLAND

02/11/2026

Dèlma, Ayiti ____(TRiboLAND) Jan sa te anonse deja, Majistra Wilson JEUDY lanse ofisyèlman, jodi mèkredi 11 fevriye 2026 la, operasyon demolisyon kont konstriksyon ilegal ki te bati sou twotwa nan komin Dèlma.

Entèvansyon sa a antre nan yon demach pou retabli lòd nan espas piblik yo, ranfòse sekirite sitwayen yo, epi amelyore kondisyon lavi nan vil la. Daprè otorite kominal yo, plizyè estrikti ki te konstwi san otorizasyon t ap okipe twotwa yo, sa ki t ap anpeche pyeton sikile lib e mete yo an danje nan trafik la.

Objektif operasyon an klè : libere espas piblik la, fasilite sikilasyon machin ak pyeton, epi fè respekte règleman ki gouvène amenajman vil la.

Genyen kèk sitwayen ki salye mezi sa a kòm yon pa enpòtan pou mete lòd nan komin nan, pandan lòt yo mande pou otorite yo aji ak plis dyalòg ak akonpayman pou moun ki afekte yo. ‎

Share:

Leave a reply