Lanmò Pastè Josué Jean Mary plonje kominote relijyez a nan lapenn

02/01/2026
Lewogàn, Ayiti _____(TRiboLAND) Pastè Josué Jean Mary mouri, daprè sa responsab Legliz Baptiste De Corail Lemaire anonse jodi dimanch 1e fevriye 2026 la. Pastè a te gen 77 lane. Li te malad depi plizyè jou, yon sitiyasyon ki te fòse l sèvi ak chèz woulant pou li te ka deplase. Nouvèl lanmò sa a pote anpil tristès nan mitan fanmi li, fidèl yo ak tout kominote relijyez la.
Daprè temwayaj manm Legliz la, Pastè Josué Jean Mary te yon sèvitè fidèl Bondye, yon gid espirityèl devwe, epi yon moun ki te onèt ak egzanplè nan lavi li ak nan ministè li. Anpil moun raple li kòm yon pastè ki te toujou prè fidèl yo, ki te konsole moun nan moman difisil, epi ki te preche ak pasyon ak sajès.
Pastè Josué Jean Mary te tou youn nan dirijan Eglise Baptiste 5e Avenue Bolosse, Martissant, epi li te manm Première Église Baptiste de Port-au-Prince. Lanmò li kite yon gwo vid nan Legliz la ak nan kè tout moun ki te konnen l. Kominote a ap rann li omaj pou travay li, angajman li ak eritaj espirityèl li kite dèyè






