Enjenyè depatmantal biwo agrikilti Latibonit lan mouri, yon gwo pèt pou depatman an

07 – 05 – 2024
Latibonit, Ayiti _____(TRiboLAND) Enjenyè depatmantal biwo agrikilti Latibonit lan, Hérold St. Pierre mouri maten vandredi 5 jiyè 2024 la. Lanmò Enjenyè Hérold ki pase anviwon 30 lane kòm Direktè depatmantal Agrikilti Latibonit lan, se yon gwo pèt pou peyia daprè divès moun.
Daprè sa jounalis Frantz Renel Lebrun rapòte ki soti bò kote pwòch defen an, nan lannwit jedi 04 jiyè a defen an ak ekip li tap planifye pou finalize dosye enstalasyon yon ponp nan youn nan lokalite nan plèn lan pou pèmèt gen dlo disponib pou peyizan yo wouze jaden.
Malerezman se nouvèl lanmò Enjenyè Hérold ki rive jwenn moun yo, oken detay pa bay sou koz lanmò ansyen agonòm depatman Latibonit lan.






