Donald Trump sinye yon lwa ki pral sible tout eskanmòtè ak reselè gang ame anndan peyi Dayiti

283
0
Share:
TRiboLAND

TRiboLAND.com

Pwezidan ameriken an, Donald Trump pa sispann miltipliye lwa, youn pami yon seri nouvo law, se sinyati S-396, ki rele “Haiti Criminal Collusion Transparncy Act”, yon lwa wololoy ki pral kore ranfòsman transparans ak sanksyon kont yon seri reselè ki nan danse kole avèk gang sangwen nan peyi Dayiti.

Yon parèy lejislasyon antre nan kad pou fasilite gouvènman ameriken mete anba sanksyon yon seri pwomotè gang, revoke viza e menm mete penalite tout kalite sou nenpòt parenn reselè kap bay gang tete ou finanse zak vyolans group kriminèl yo anndan peyi Dayiti.

Pou anpil moun kap soufwi fas ak vyolans gang ame nan peyi Dayiti, se pi gwo dispozitif gouvènman Donald Trump lan ta pran; yon fason pou arive kreye yon klima pasifik sou zile a. Genyen lòt antite, ki estime ke pwojè sila pral fasilite yo sipwime eskanmòtè kap pwofite fè fòtinn sou chemen kòripsyon ak enpinite ki se cheval batay yon seri politichyen ak richyen eskanmòtè ki kraze peyi Dayiti.

Li enpòtan pou nou soulinye, yon parèy lwa te arive jwen benediksyon, gras ak yon franj nan dyaspora ayisyèn nan, patikilyèman nan peyi Etazini ki te asèpte mete pwesyon sou otorite amerikèn yo.

Share:

Leave a reply