Eskandal ak gwo tansyon nan mitan ajan BSAP yo nan Nòdwès

227
0
Share:
TRiboLAND

01/14/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon sitiyasyon grav ak tansyon wo ap brase lide nan mitan ajan BSAP (Brigade de Sécurité des Aires Protégées) nan depatman Nòdwès la, daprè deklarasyon Jacky ki te pale nan mikwo Laprès apre yon chita pale ak responsab BSAP yo, ki gen nan tèt li Robinet Métayer sou fason ekip la ap dirije.

Daprè Jacky, diskisyon yo t ap fèt sou fason responsab yo ap mennen BSAP la nan Nòdwès. Li fè konnen gen yon gwo fwistrasyon pami plizyè ajan ki pa dakò ak oryantasyon ak desizyon ekip dirijan an ap pran. Nan kontèks sa a, responsab yo ta deside retire tout ajan ki te opoze ak fason yap fonksyone a, e mete yo deyò nan gwoup WhatsApp estrikti a ki operasyonèl.

Jacky ajoute, jodi mèkredi 14 janvye 2026 la, yon lòt epizòd grav rive lè Jhon Blaise Terry, ki prezante kòm chèf operasyon, ta rale zam sou ajan yo pandan yo te rive nan biwo a. Zak sa a vin agrave plis tansyon an epi simen panik nan mitan pèsonèl la.

Fas ak sitiyasyon sa a, ajan BSAP ki konsène yo fè konnen yo voye yon sinyal bay wo responsab yo nan Pòtoprens, pou fè yo konnen klèman yo pap kontinye pran lòd nan men Robinet Métayer ak ekip li, epi yo refize fonksyone ansanm ak ekip sa a ankò. Jacky mande responsab yo nan Pòtoprens pou yo reyaji pi vit ke posib, swa nan delè 72èd tan.

Sitiyasyon an pran yon lòt dimansyon nan espas Konplèks Administratif Pòdpè a, kote plizyè gwo biwo Leta loje. Daprè temwen, gen gwo tansyon ki devlope, ak bri wòch kap tire ak zam ki rale, sa ki pouse plizyè anplwaye Leta ak sitwayen lanse yon SOS pou mande entèvansyon ijan otorite konpetan yo. ‎

Share:

Leave a reply