Nan kad yon filati, lapolis nan Jeremi arete yon gro bandi sangwen

236
0
Share:
TRiboLAND

01 – 14 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Jounen madi 13 janvye 2026 la, lapolis nan Jeremi atravè sèvis sikilasyon, arete Jean Misnord alyas Fado nan moman misye te vinn pwan sèvis nan sèvis sikilasyon pou veyikil li, selon pòt pawòl enstitisyon polis la nan Grandans, enspektè Alex Leganière.

Fado, se dezyèm chef gang sangwen Simon Pele ke lapolis tap chèche tankou chyen fou.

Antouka, selon sa ki soti bò kote direktè depatmantal enstitisyon polis Grandans lan, Frantz Saint Armand, deklare bay tout bandi atoufè sans fwa ni lwa rekonèt prezans li nan Grandans, pap tolère oken chef gang kriminèl vinn taye banda nan Grandans, ni rann lavi difisil pou sitwayen ak sitwayènn pezib yo.

Li bon pou moun obsève depi vas operasyon kont gang sangwen yo nan kapital ap miltipliye, anpil gang gaye nan lanati; pran wout pwovens pou yo, san panse ki zo grann ki pare pou yo nan diferan rejyon depatmantal yo.

Share:

Leave a reply