Lig Pastè Nòdwès denonse dezisyon otorite yo pran pou legalize sisinaj ak 2 siskole nan peyi Dayiti

391

Pòdpè____(TRiboLAND) Selon Fondatè Lig Pastè yo nan Nòdwès, Rev. Pastè Jean Claude Thervil, se yon malediksyon pou peyi Dayiti lè prezidan repiblik la, msye Jovenel Moïse chwazi pibliye yon tèl dekrè ki pral lage peyi a nan plis kòripsyon.

Pastè Jean Claude Thervil

Responsab Lig Pastè a mande pou dirijan yo pa antre nan lojik bagay sal lòt peyi yo answit rantre dekrè malediksyon sa a pou sa k pase nan vil Sodòm ak Gomò a pa pase nan peyi Dayiti .



Rev. Pastè Jean Claude Thervil fini pou di, yo deside pran prizon olye pou yo ta marye gason ak gason, fanm ak fanm ansanm ki se yon bagay Labib kondane.

Sepandan, divès lòt moun kwè ke se ajannda pouvwa PHTK kap avanse yon fason pou yo kapab bay alye drivayèz ak sisinaj gouvènman an nan kad promote charonj rose atravè peyi a. Yo genyen gwo kòb lòt peyi nan men yo pou avanse yon parèy enpidisite.

Saint Jean wiskis, TRiboLAND
36 00 1195/ 42 04 2561

Comments are closed.