Flash, Flash: Enkyetid parantal, SOS pou Estephanie Mesidor ki pa rantre lakay li depi yè samdi 4 me 2024 la

777


05 – 05 – 2024

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Estephanie Mesidor se non yon demwazèl ki pa antre lakay li depi yè samdi 04 me 2024 la nan vil Pòdpè, paran ak zanmi li se konpwès sou tèt akoz gwo enkyetid.

Daprè enfòmasyon ki rive jwenn sal nouvèl TRiboLAND, demwazèl la te nan repetisyon group Dans SHANN nan “Collège Notre Dame de Lourdes”, nan moman gwo lapli tap tonbe nan vil Pòdpè yè swa li te pran moto pou al lakay li nan Ri Charlemagne Peralte, li pa janm rive lakay li.

Sitiyasyon “soti pa antre” sila, mete laperèz ak anpil enkyetid bò kote paran demwazèl ak tout moun ki fè pati group dans lan. Nenpòt moun ki ta rankontre demwazèl Estephanie Mesidor ki se pitit fi vil Pòdpè, kapab rele sou +509 3994-1310 / 4125-4036 / 3192-6197

Paralèlman nap raple, lapli ki tap tonbe nan komin Pòdpè nan lannwit 04 me 2024 la, fè deja plizyè mò ak blese.

Comments are closed.