Komin Karis : Pawas Sentelèn reyalize yon kòkenchenn aktivite ak 200 timoun nan okazyon 1e janvye 2026 la.

01/03/2026
Karis, Ayiti____Jedi 1e janvye 2026, vè 2 è nan aprè midi, Pawas Sentelèn Karis, anba direksyon Reveran Pè Wilson Exantus André, òganize yon aktivite espesyal pou timoun yo nan lakou Presbitè pawas la.
Anviwon 200 timoun te reponn prezan pou yon parèy sòlòkòtò espesyal. Yo te danse, chante, amize yo, epi chak timoun te resevwa yon kado kòm siy lanmou ak solidarite pou kòmansman ane a. Se yon bèl tradisyon ki te pran nesans depi Pè Wilson te rive nan pawas la; kote chak premye janvye tounen yon okazyon espesyal pou fè timoun yo santi yo enpòtan.
Aktivite sa a toujou jwenn sipò Doktè Suzanne Audate, ke tout moun konnen sou non “Fanm Lasante” a, ki, chak ane soutni yon parèy bèl jès.






