“Se pa travay Mèri a!” Doktè Berly Geneus kritike mezi Mèri Pòdpè pran kont chofè moto yo

348
0
Share:
TRiboLAND

11/17/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Aprè piblikasyon kominikasyon ofisyèl Mèri Pòdpè a sou nouvo mezi pou idantifikasyon motosiklèt yo, Doktè Berly Geneus pa pran tan pou eksprime dezakò li. Daprè li, dispozisyon sa yo depase atribisyon yon senp administrasyon kominal.

Doktè Geneus fè konnen idantifikasyon chofè moto, kontwòl dokiman ak òganizasyon sikilasyon se misyon sèvis sikilasyon nan Polis Nasyonal Dayiti, se pa misyon Mèri a. Li raple ke se lapolis ki dwe verifye veyikil, mete lòd nan trafik, epi pwoteje popilasyon an. Daprè li, inisyativ Mèri a sanble plis ak yon fason pou fè presyon finansye sou chofè moto yo pase yon vrè mezi sekirite.

“Nou konprann byen vit ke se yon estrateji pou ransone chofè yo sou pretèks sekirite,” se deklarasyon li. Doktè Geneus raple piblik la ke gen anpil responsablite esansyèl Mèri a poko janm enplike nan yo, tankou: netwayaj kanal yo, jesyon fatra ki dire plis pase 10 lane, travay kominal ki toujou rete san repons, elatriye.

Daprè li, Mèri a pa ta dwe chèche antre nan misyon lapolis la pandan pwòp misyon pa li deja neglije. Doktè Geneus mande pou Lapolis, atravè sèvis sikilasyon li yo, pran responsabilite li: idantifye veyikil ak chofè yo, mete lòd nan sikilasyon, asire sekirite sitwayen yo nan komin nan.

Pou li, amelyorasyon sekirite nan Pòdpè depann de yon pi bon kolaborasyon ant lapolis ak popilasyon an, pa de yon desizyon li konsidere kòm depase pouvwa Mèri a.

Share:

Leave a reply