Moun nan zòn Fwazon mande pou Natcom amelyore kondisyon sèvis yo

811

04 – 21 – 2024

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Peyizan nan Fwazon, yon seksyon sou komin Pòdpe mande pou Natcom amelyore kondisyon sèvis yo paske se nan gwo difikilte pou yo jwenn ti kal sinyal pou fè yon apèl, ale wè pou ta jwenn entènèt.

Daprè Jean Cadet, yon jèn nan seksyon an, depi-l fè 6è nan aprè midi pou rive 8è nan maten sinyal la koupe. Yon sitiyasyon ki fè moun yo trè kritik anvè konpayi telefòn sa majorite moun itilize nan zòn lan.

Daprè detay divès moun bay, yo vin konprann se yon bagay planifye paske koupi ki gen nan sinyal la gen yon orè ki respekte. Peyizan soulinye pou fini, malgre yo pa ka jwenn sèvis men konpayi a toujou ap pran minit yo.

Comments are closed.