Kòdonatè depatmantal rezo pwodiktè agrikòl Grandans yo, Charles Francois Fils ankouraje agrikiltè travay latè.

295
0
Share:
TRiboLAND

11 – 17- 2025

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè rezo òganizasyon pwodikté ak pwodiktris agrikòl Grandans yo, mesye Charles Fils Francois ankouraje peyizan plantè ou agrikiltē yo atravè katoz komin depatman Grandans lan, pou travay latè pi plis ke sa .

Pou kòdonatè ROPAGA a, genyen anpil avantay bab e moustach pou pwodiktè yo vann pwodwi yo fè nan jaden yo, ak nan òganizasyon an, yon fason pou jwenn plis manje pou bay lekòl ki nan program kantinn eskolè program alimantè mondyal (PAM ) ki finanse chak ane pou timoun ki nan lekòl piblik kou prive yo.

Apa timoun yo ki konsome manje lokal yo , genyen tou djòb ki kapab kreye pou moun yo nan kominote yo , nan kesyon kontwòl ak kalite manje yo ROPAGA ap distribye pou itilize nan kizinn yo. Pou kòdonatè Charles Fils François, tout kondisyon yo respekte sou plan ijyènn ak sanitè.

Share:

Leave a reply