Twou Dinò anba Chòk: Ajan BSAP sangwen tire yon machann pou 50 Goud

11/8/2025
Twou Dinò, Ayiti _____(TRiboLAND) Twou Dinò, gwo tansyon aprè yon nouvo eskandal ki mete Ajan Brigad Sekirite È Proteje (BSAP) yo nan sant kritik ankò. Yon ajan ki idantifye sou non Noël tire yon jèn machann nan mache Otwou, nan lokalite Mahe a, aprè yon diskisyon ki te pete pou yon frè 50 goud dam nan ta dwe peye lamèri.
Selon temwen ki te sou plas, echanj la te kòmanse kòm yon senp diskisyon men li te vire rapidman an vyolans kote ajan an ta rale zam li epi tire sou machann nan, sa ki kreye panik ak endiyasyon nan mitan moun ki t ap fè komès yo.
Sa ki ogmante gravite sitiyasyon an, se paske ke se dezyèm moun ajan BSAP tire menm jou a nan depatman Nò ak Nòdès la. Byen bonè menm maten an, yon lòt ka te anrejistre nan vil Lenbe, kote yon ajan te tire yon lòt sitwayen nan sikonstans ki poko klè ditou ditou.
Popilasyon yo nan de zòn yo leve vwa yo pou mande jistis, transparans, epi pran sanksyon kont ajan malfektè yo ki enplike nan zak vyolans sa yo. Plizyè òganizasyon lokal mande otorite yo pou pran mezi imedya pou fè limyè sou krim repete sa yo nan BSAP, epi revize fason pwosesis rekritman ak egzèsis misyon yo nan enstitisyon sila ki kòmanse parèt tèt li kòm yon lòt ènnmi kriminèl popilasyon an akote gang yo.






