Dràm nan Depatman Sant : Yon papa touye 3 pitit li

2,619

04/06/2022

Lawòy, Depatman Sant____(TRiboLAND) Lapolis nan weekend pase a prosede ak arestasyon yon sèten Sewanet Jean Louis pou enplikasyon li nan lanmò pwòp pitit li ki soti nan zantray li.

Otorite fòs lòd yo akize Sewanet ki genyen 35 lane, kòm presume kriminèl ki ta touye 3 pitit li nan weekend ki sot pase la nan lokalite “Lawòy” nan Depatman Sant lan.

Jiska prezan, otorite yo poko konnen ki motif ki dèyè yon parèy katafal krim ki sekwe alawonn bade larepiblik. Sewanet retire lavi timoun ki soti nan zantray li ki rele: Stéphanie (3 lane), Djempsley (8 lane) ak Wavenson Jean Louis (11 lane).

Sewanet Jean Louis trouve li koulya dèyè bawo ap tann yo defere li devan yon tribinal konsène pou ale reponn kesyon sou grosè katafal krim sa yo.

Comments are closed.