Bandi yo nan lokalite Tibwadòm, akapare plizyè machin, epi blese yon ajan UDMO nan boukantaj kout bal.

466

Plizyè machin detounen, yon polisye blese, se bilan boukantaj kout bal bandi yo ak lapolis nan lokalite Tibwadòm.

06-15-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Bandi yo nan lokalite Tibwadòm pa deside bese lebwa. Boukantaj kout bal ak bandi yo nan lokalite Tibwadòm, jounen jedi 15 jen 2023 a, lakòz yon polisye blese, san konte plizyè machin yo detounen ak machandiz.

Enfòmasyon ki rive jwenn nou nan sal redaksyon nouvèl TRiboLAND, ta fè kwè ajan UDMO yo pran nan yon pyèj, e se gras ak vijilans ak pwofesyonalizm yo ki lakòz yo pa kite po yo.

Nap raple ou, sa fè yon bon bout tan bandi yo achte twonson wout Pòdpè pou ale Gonayiv la lajan kontan.

Comments are closed.