Finalman se tout bon, lopital Medsen San Fwontyè ranmase kokodjaka li nan Matisan akoz entansifikasyon aktivite gang

872

08/02/2021

Pòtopwens_____(TRiboLAND) Tankou jan sa te anonse, Lopital Medsen San Fontyè kalifye sitiyasyon vyolans gang yo entoleràb nan Matisan. Konpòtman bandi yo pa arive konvenk responsab sante yo nan sant sante a ki genyen plis pase 15 lane ap bay popilasyon defavorize a moso sèvis swen sante.

Nan yon nòt ofisyèl ke Lopital la fè sòti, yo anonse ke yo mete fen nan misyon yo ou nan sèvis medikal ke yo tap bay nan komin Matisan san volonte yo akoz aktivite vyolans chèf gang yo ki pa sispann ap vale teren.

Nap raple, bandi sangwen okipe antre sid kapital la depi plizyè mwa anba je swa dizan yon gouvènman idyo ki pa pran an konsiderasyon mizèrere plizyè depatman ki paralize nan mitan yon pakèt peripesi gang sangwen ap simaye.

Comments are closed.