Pòdpè plonje nan ensekirite : yon jèn gason riske pèdi lavi li nan Ri Kapwa

366
0
Share:
TRiboLAND

10/27/2025

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Vil Pòdpè ap viv yon nouvo vag ensekirite ki vin mete popilasyon an anba gwo kè sote. Nan lannwit dimanch 26 oktòb 2025 lan, yon atak fèt nan Ri Kapwa, toupre lekòl Sen Jozèf (Kay Frè a), kote Jonas, yon jèn gason ki rete nan menm katye a, te manke pèdi lavi l anba men bandi ame.

Daprè temwanyaj plizyè moun nan zòn nan, bandi yo te atake Jonas pandan li t ap retounen lakay li sou yon moto boksè. Yo frape l ak yon zam blanch nan tèt, nan entansyon pou pran moto a. Gras ak jistès li, Jonas rive sove, men li rete anba gwo chòk nan kò ak nan bonnanj li.

Depi kèk semèn, site Kapwa Lamò a ap tranble anba men bandi, ak plizyè ka vòl, agresyon ak tantativ asasina ki kontinye ap fèt san oken arestasyon pa anonse. Sitwayen yo ap mande polis Nòdwès la, ki anba direksyon Fred Joseph depi apeprè yon mwa, pou l pran mezi serye pou garanti sekirite lavi ak byen moun yo.

Popilasyon an deklare yo bouke viv nan kè sote, epi yo swete otorite yo aji rapidman pou anpeche sitiyasyon an vin pi grav toujou. Genyen lòt moun ki ale pi lwen pou deklare, ke nouvo direktè polis la ta renmen nan danse kole ak gang; li nòmal pou gang yo arive genyen kontwòl kote gang ap dirije.

Antouka, rezon ki fè Didier Fils-Aimé deplase yon moun enfatigab tankou Cétoute nan tèt direksyon polis Nòdwès la, kòmanse ap parèt klè kon dlo kòk fas ak pèfòmans nouvo dirètè polis la, Fred Joseph ki ta sanble pa menm genyen yon plan sekirite si non ke apeti pou gang tout kote li pase.

Share:

Leave a reply