Nòdès : Fondasyon TRiboLAND kontinye ap fè koze nan delivre fòmasyon gratis nan Roz Bonit

376
0
Share:
TRiboLAND

Roz Bonit, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan objektif pou amelyore kondisyon jèn yo atravè peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND kontinye ap fè koze nan Nòdès peyi a. Aprè yon seri mega fòmasyon gratis nan plizyè rejyon, responsab kòdinasyon fondasyon an te trouve li nan lokalite Roz Bonit pou fasilite 2 jounen atelye travay gratis.

Konsa, plis pase yon 75 jèn te enpoze prezans yo nan nan yon espas ki loje Lakay pè yo. Premye aprantisaj yo te chita sou pwodwi resiklaj, kote fòmatè John ki se yon natif depatman Nòdwès tap depoze yon kalite reyalizasyon (rido, vè diven, bale, elatriye) avèk ti bidon plastik. Alòske, yo patisipan yo ta pral resevwa yon lòt seyans jodi 15 dawou 2025, ki chita sou transfòmasyon an kremas, diven, krèm, savon, pomad, elatriye, yon seri fwi lokal.

Antouka, chapo ba pou yon seri teknisyen kominotè ki pwofite inisye yon mega demach ki fasilite plizyè rejyon nan Nòdès peyia kontinye resevwa fòmasyon gratis pou yon latriye jèn ayisyen ki nan sitiyasyon dezespere. Kidonk, malgre menas ak entimidasyon, TRiboLAND detèmine pou kontinye pote sèvis la bay jèn yo nan diferan kwen nan peyia, san senkòb chada.

Share:

Leave a reply