Dosye dwòg Latòti a: anpil otorite gen kè yo sou biskèt. Arestasyon, konvokasyon e tranble janm, kòmanse fè mikalaw, nan Metropol.

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Ta sanble otorite Pòtoprens yo pa fin mete yo dakò sou kantite dwóg yo ta dwe resevwa nan kad operasyon BLTS, te rive mennen semèn pase a, sou zile Latòti kote yon moun pèdi lavi l nan kad echanj kout zàm ak fós lód yo alòs ke pa gen zam ni lajan ki sezi nan kad operasyon sila.
Selon nòt ki rive jwen TRiboLAND.com, Primati deja konvoke delege depatmantal Nòdwès la, Rock Excéus. Sa ki pirèd la, Dr Isaac Archélus, yon òtopedis deja rantre bwit sou kou Pòtoprens e minote kòm kwa se Dr Isaac ki ta lakoz viktim nan ki te pran katouch nan kad operasyon an, mouri.
Kanta anestezis la, Madam Nerline Joachim, nan moman sila ap sibi gro entèwogatwa anba pwesyon BLTS. Sitiyasyon tranble janm sila a, lakoz Lopital Imaklie Konsepsyon, nan vil Pòdpè, tonbe angrèv pou pwoteste kont arestasyon Dr Isaac Archélus ak tout Nerlin Joachim.
Nan moman n ap pale la, anpil otorite nan Metwopól Nòdwès la ki te patisipe nan operasyon sila a, gen kè yo sou biskèt paske yo pa konn kilè otorite Pòtoprens yo ap konvoke yo manu militari nan kad dosye dwòg zile Latòti a.






