Dràm: Yon jèn ayisyen ki natif natal vil Okap Ayisyen mete fen nan vi li ak dife

1,383

05-21-2023

Kap-Ayisyen, Ayiti_____(TRiboLAND) Karl Udson Azor, se non yon jèn ayisyen ki ta sanble anpare anba ògèy patriyotik ak repiyans ou imilyasyon tè Desalenn ap pase, deside mete jodi dimanch 21 me 2023 a fen nan vi li ak flanm dife, kèk jou aprè selebwasyon 220 lane kreyasyon bikolò a.

Dràm sila ki entèpele anpil ayisyen, e ki egalman pwouve a ki pwen kèk grenn ayisyen toujou sansib pou peyi yo, pase devan pedestal monuman “Ero Nasyonal” nan Vètyè, kote lame endijènn nan te jifle e mete an dewout gro lame fransè epòk kolonyàl la ki te genyen nan tèt li Napoleyon.

Jèn sitwayen ayisyen sila ki te genyen drapo nasyonal avèl, chwazi imole tèt li devan ero nasyonal yo, trè sinifikatif e espere genyen anpil retonbe istorik nan sa ki genyen pou wè avèk agoni pwisans kolonyàl yo kontinye ap fè Ayiti pase, daprè kòmantè TRiboLAND arive rekeyi sou rezo sosyàl yo. Defen an, ekspwime lanmou san kondisyon ke li genyen pou peyi’l; yon amou ke anpil moun pa arive konprann.

Moun te toujou wè pwatik sa yo ki trè ra nan kèk peyi azyatik yo; men pa tèlman nan peyi Dayiti. Yon parèy sakrifis ki parèt trè biza devan je yon pakèt swadizan patriyòt ak machann peyi kap mal entèeprete zak la, pral pwodwi anpil gro retonbe enpresyonant, daprè kòmantè yon seri mistik kap swiv avèk atansyon dewoulman evenman yo nan peyi Dayiti.

Ke vant manman jènn gason sa beni ajamè e ke tout zantray fanmiy sa beni; ke tout kòt fanmiy anyo imole sa beni e antre gran nan nouvèl tè Dayiti a! Ke vi anyo sila pa pase pou granmesi e ke tout ayisyen konsekan, ki genyen ti kal sousi ak karaktè toujou, fè tout sa yo kapab pou asiste yon parèy fanmiy kapwaz, ki pèdi yon gwo gason vanyan pou koz Ayiti e ki merite yon dèy nasyonal!

Ke nanm anyo imole sa, vizite e vanje tout politichyen ak richyen ki detwi yon tè, yon trezò, manman ki te chè pou li. Ke nanm li toumante sa yo ki responsab yon parèy dràm! Ke non Karl Udson Azor antre eroyikman nan gro liv Istwa Repiblik Dayiti!

Comments are closed.