Primati anonse, jounen jedi 7 mas 2024 la ke yo prolonje kouvrefe a sou tout depatman Lwès peyi Dayiti, sòti 7 mas pou rive 3 avril k ap vini la a.

835

03 – 07 – 2024

Pòtoprens, Ayiti_____(TRiboLAND) Atravè yon kominike nimewo 2 ki pote non Primati jounen jedi 7 mas 2024 la, responsab pou yon ti bout tan an, Mèt Patrick Boisvert, anonse ke yo prolonje kouvrefe a sou tout depatman Lwès la sòti jounen jedi a jis rive nan dat 3 avril k ap vini la a.

Kouvre fe a, dapwè responsab pou ti bout tan an ap gen pou kòmanse chak 8h nan aswè pou rive 5 h. Nan sans sa a, responsab yo anonse ke pèsòn pa dwe pran lari pou al manifeste nan peryòd sila.

Pou anpil moun, desizyon gwo ponyèt gwayil Patrick Boisvert a konte retire dwa pèp ayisyen an genyen pou li manifeste kont gouvènman gang Ariel Henry a ki pa chita sou anyen ke repwezante yon senbòl idyo san wont san santiman.

Comments are closed.