Èpòt OKAP la ap opere anba lonbwaj eskanmòtè: malèt pasajè yo ap fè fas ak yon kilti vòl òganize e sistematik

Kap Ayisyen, Ayiti _____(TRiboLAND) Anpil pasajè k’ap antre nan peyi a atravè Èpòt Entènasyonal Kap Ayisyen pa sispan ekspwime kòlè, fristrasyon ak gwo akizasyon kont moun kap travay nan estrikti ayeryèn sila nan depatman Nò peyi a.
Plizyè temwayaj k’ap paweze sou rezo sosyal yo mete aksan sou yon ansanm zak eskanmòtè k’ap fèt sou valiz vwayajè yo, malgre yon swadizan yon sistèm sekirite ki anplas. Enfòmasyon yo ta vle fè kwès, ke espas la chaje ak swadizan bwasè tout plim tout plimay k’ap opere atravè yon group reselè swadizan kap mete lòd.
“Yo kraze kadna, yo fouye valiz mwen, yo pran bagay mwen pote pou fanmi’m; pa gen okenn responsab ki reponn lè mwen pote plent,” se deklarasyon youn nan viktim yo fè sou rezo sosyal yo, jodi samdi 21 jen 2025 lan.
Gen lòt ki deklare yo menm konn wè anplwaye ap “fouye valiz nan depo” pandan pasajè yo ap tann luggage yo. Sitiyasyon sa soulve gwo kè sote sou mekanism sekirite ki anplas la, e ki menm kesyon efikasite ak modalite administrasyon èpòt la.
Kondisyon sekiritè yon èpòt, se yon minimòm egzijans ki pa kapab konpwomèt. Se premye pami yon pakèt lòt obligasyon vwayajè pwiyorize nan objektif pou fè sèten, yo jwenn efè pèsonèl yo entak e san grafriyen. Lè zak vòl ap fèt kont pasajè, se yon sentòm ki riske mete ajenou ti ponyen ayisyen ki oblije ap pran chans antre anndan peyi a.
Plizyè obsèvatè swete sa kap manniganse nan vil Okap la, pa yon “aktivite chat ki mete chat bwè lèt pou yo”!
Konsa, kèk lòt sitwayen ki viktim, mande otorite yo mete fwen nan zak bwiganday sa kap sal imaj peyia, yon espas ki bay plis anplwayè ke pasajè! Pa ka genyen eskandal koripsyon ak ensekirite nan ti demele sa mezanmi!.






