Avètisman Medikal : Fè Pridans ak Klinik Mobil Blan yo !

506
0
Share:
TRiboLAND

Pòtoprens, Ayiti ____(TRiboLAND) Doktè Berly Geneus lanse yon apèl ijans pou tout sitwayen ayisyen fè gwo pridans ak klinik mobil blan yo ki konn deplase nan plizyè zòn andeyò peyi a.

Souvan, popilasyon an kwè dèske se etranje ki vini, yo sipoze se “gwo doktè” oubyen ekspè medikal. Malerezman, reyalite a diferan. Gen anpil klinik mobil sa yo ki pa reglemante, kote moun k ap bay swen yo ka se etidyan, volontè san fòmasyon, oswa ekspè k ap itilize moun kòm eksperyans. Yo pwofite mank siveyans otorite yo ansanm ak konfyans popilasyon an pou fè aktivite ki mete lavi moun an danje.

Temwanyaj ak Danje Rapòte: medikaman ekspire distribye nan plizyè zòn; maladi mal dyagnostike, ki konn vin agrave sitiyasyon malad yo; tretman initil ak danjere (egzanp: yon pasyan ki te gen yon senp kari dantè, yo arive rache 4 dan nan bouch li yon sèl kou); entèvansyon chirijikal san bon materyèl, fèt ak neglijans anba lobedyans moun ki pa gen kalifikasyon nesesè.

Rekòmandasyon pou Otorite Lokal yo: siveye tout aktivite klinik mobil nan komin yo; mande pèmi ak otantifikasyon tout moun k ap entèvni; fè kontwòl sou tout medikaman ki distribye nan popilasyon an.

Konsèy pou Popilasyon an: verifye si gen yon lekòl, legliz oswa otorite lokal ki rekonèt klinik mobil la; pa aksepte tretman si ou pa konnen ki moun moun sa yo ye ? Ki kote yo sòti ? Èske yo kalifye? Pa pran swen sèlman sou baz aparans; se pa tout doktè ki doktè e tout blan pa ekspè; konsilte medsen oswa pèsonèl sante lokal ou abitye ale lakay yo pou plis sekirite.

Enfen, “Sante nou pa yon jwèt. Se responsablite chak sitwayen pou’l veyatif, epi se devwa otorite yo pou mete limit sou pratik danjere sa yo. Mwen pale kòm doktè, men plis toujou kòm yon sitwayen ki pa ka rete an silans devan yon gwo danje pou popilasyon an,” dapwè Doktè Berly Geneus.

Share:

Leave a reply