Chan avyasyon Pòdpè a tounen yon depotwa fatra ak ravin dlo anba je otorite sangwen

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Chan avyasyon Pòdpè a, ki te yon fwa yon espas byen òganize ki te fasilite vòl nasyonal yo ant Pòdpè, Kap Ayisyen e Pòtoprens, tonbe jodi a nan yon eta konplètman degrade ki lakoz endiye. Kidonk, pa genyen aktivite ayeryèn, sa fè yon bon bout tan depi ke se fatra, dlo sal santi ki yon menas sanitè ou anviwonmantal. Pou pyeton ta arive travèse yon parèy espas, sa mande anpil bwas ak jimnastik.
Fas ak dram sila, menas pa ditou egzije sitwayen nan popilasyon an kesyone konpetans ak angajman otorite lokal yo, ki ta estime ke yo konfòtab avèk poliferasyon fatra nan site Kamwa Lamò a. Malgre anpil SOS nan kad entèpele konsyans swadizan yon majistra enpostè enpoze ki rele Josué Alusma, e yon delege enpoze, Rock Exceus, se nan dòmi moun arive wè yon inisyativ pou yon evantyèl netwayaj Chan Avyasyon an.
pou netwaye espas la epi mete li an kondisyon pou vòl reprann, anyen serye pa janm fèt. Tout sa rete nan nivo deklarasyon. Otorite yo parèt tankou yon ekip ki san vizyon, san plan reyèl pou mete enfrastrikti a an valè.
Pou anpil pitit Pòdpè, sa ki rive chan an se yon senbòl echèk kolektif ou dezangajman sivik. Nan tan lontan, chan sa a te sèvi pa sèlman kòm pis avyon, men tou kòm espas sosyal ak edikatif. Timoun te konn chita sou rebò li aprè lekòl pou repase leson, zanmi te konn reyini pou fè ti pale, e se te yon fyète lokal. Jodi a, se yon kote yo evite, yon endikasyon klè sou jan neglijans ka kraze sa ki te gen anpil valè.
Otorite yo dwe aji prese pou revalorize chan avyasyon Pòdpè a. Sa pa dwe rete sèlman nan diskou, men nan aksyon konkrè pou rebay ti minimòm sèvis ayeryen lavi.
Nap raple, preske 10 lane nan tèt minisipalite vil Pòdpè a, majistra Josué Alusma ke KPT ak gouvènman Alix Didier Fils-Aimé enpoze vil Pòdpè, genyen anpil pou wè avèk proliferasyon fatra ak salte ki se yon senbòl enkonpetans administrasyon li a.






