Konfli tèryen : Yon avoka trennen yon apantè devan tribinal koreksyonèl Pòdpè a

596
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Se pou premye fwa depi egzistans tribinal Premyè Enstans Pòdpè a, yon avoka oze trennen devan tribinal, yon apantè nan egzèsis pwofesyon li.

Joël Caprice, ki se apantè e ki komisyone nan Komin Ansafolè vin apante nan Komin Pòdpè san li pa site temwen ak yon apantè ki nan komin lan; konsa, li elimine travay yon apantè te fè depi nan lane 2024.

Kabinè Merizier Pierre ak Asosye, nan tèt kole ak lalwà, site apantè Caprice pou esplike Lajistis sou byenfonde apantaj li te fè a nan dat 7 fevriye 2025 dèyè do dekrè 26 fevriye 1975 lan.

Tribinal la, ap genyen pou tande yon parèy dosye, lendi kap 16 jen 2025 la; divès moun ap poze tèt yo kesyon : èske tribinal la ap kondane apantè a, oubyen vyole dekrè 26 fevriye 1975 lan, oubyen apantè a pral lakay li, lib e libè.

Antouka, se pa jodia, konfli tè ap anvayi seyans tribinal yo ou jiridiksyon Pòdpè a. Problèm konfli tèryen pa sispann repete san pa janm genyen oken dispozitif ki pran pou regilarize latriye deriv sila yo.

Share:

Leave a reply