Direksyon depatmantal Polis Nòdwès la, mande pou tout moun konfòme yo nan okazyon Vakans Dete a

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Lagè avèti pa touye kokobe ! Lapolis nan depatman Nòdwès la deja mobilize pou mete lòd nan dezòd answit pèmèt moun Nòdwès fonksyone san kè sote.
Se konsa, atravè yon nòt li mete deyò, kap sikile sou rezo sosyal yo e ki pote siyati direktè depatmantal Polis Nódwès la, Komisè divizyonè Clevens Cétoute, ki fè mansyon plizyè pwen ke yo pral sible nan kad pou fasilite yon sekirite djanm pou popilasyon Nòdwès la pandan e aprè Vakans Dete 2025 lan :
• Tout jèn gason kap mache san pyès idantifikasyon.
• Tout jèn gason ki pa vle konfòme yo e kap kenbe pantalon yo nan men.
• Tout jèn gason avèk imitasyon tèt pa dwat e kap kite pantalon yo rive sou jenou yo.
• Tout jèn gason (lapen) kap kale lonbrit tankou fanm nan mete kòsaj.
Direksyon depatmantal Polis Nòdwès konseye yo pou yo al fè kat idantifikasyon nasyonal yo oubyen mache avèk batistè yo sou yo pou yo pa tonbe anba nan nas lapolis.
Toujou selon nòt sila a, lapolis dekkare gen yon seri moun, malgre yo pa nan mwa Desanm, pran plezi pou tire fedatifis chak swa pou panike popilasyon an ki deja ap mennen yon vi pèzib; kidonk, lapolis voye di yo mete bab yo alatranp, savledi, lè yo pa panse fòs lòd yo ap rive sou yo. Tout mezi sa yo, selon nòt la, se pou pèmèt popilasyon Nòdwès la pase yon bonjan Vakans Dete 2025 san laperèz.






