Yon lòt fwa ankò, jèn nan komin Monben Kwochi benefisye yon lòt 2 jou fòmasyon gratis sou dekorasyon avèk Fondasyon Triboland.

484
0
Share:
TRiboLAND

Monben Kwochi, Ayiti_____(TRiboLAND) Si weekend pase anwo Fondasyon Triboland tap fè koze nan vil Tigwav, pou fasilite jèn yo nan site Fosten Soulouk la fòmasyon gratis sou fabrikasyon prodwi chimik avèk seri grafi; ebyen, weekend sila a, FT ateri yon lòt fwa ankò nan Monben Kwochi pou delivre ankò yon lòt seyans sou dekorasyon, yon konpetans kap byen pase sou mache travay la.

Avèk, ekspètism fòmatè konsome, Dalensky Duveau, ki kite vil Okap Ayisyen, e pote sèvis la bay plis pase 70 patispan jèn gason ak jèn fanm ki te deja sou 2 pye militè yo, byen bonè samdi 7 jen 2025 la, nan lokal Lise Fortuné Audate la, nan komin Monben Kwochi. Sesyon yo ap dire 2 jou; alòske pwemye jounen an te konsantre plis sou teori ak pratik dekorasyon evenemansyèl.

Nap raple, se gras ak konplisite direksyon kowòdinasyon depatmantal Nòdès la, Enjenyè Louendy Jean ak konplisite komite kòdinasyon lokal la, ki genyen nan tèt li, teknisyen kominotè Wilma Silienord, ki te rann posib yon parèy sòlòkòtò aprantisaj gratis.

Finalman, gras ak efò enkonstab Fondasyon Triboland, jèn yo nan komin Monben Kwochi pral develop konpetans ou kapasite pou ofwi sèvis dekorasyon pou yon anbyans inik e memorab kap reflete yon tematik ou yon estil evenemansyèl de tout sa yon kliyan ou yon envite kapab espere.

Share:

Leave a reply