Lame dominikèn pwosede ak arestasyon 23 ayisyen sou akizasyon vyolasyon anviwonmantal

Dajabón, RD_____(TRiboLAND) Nan yon patwouy militè, nan zòn Tiroli nan lokalite Restauración nan pwovens Dajabón, lame dominikèn deklare ke yo arive entèpele 23 resòtisan ayisyen ki tap viv sou tèritwà panyòl la an kondisyon ilegal. Yo akize konpatriyòt sa yo deske yo enplike nan zak destriksyon anviwonmantal.
Enfòmasyon yo fè konnen, patwouy militè sila te dekouvwi e sezi plizyè fou chabon, yon pakèt bwa chèch, sak chabon, plizyè zouti agwikòl, yon charyo ak plizyè zannimo domestik, ki aprè ta pra’l livre bay Ministè Anviwonman ak Resous natirèl.
Pami 23 moun ki arete yo, genyen 4 fanm, 12 ti lèzanj, e 7 gason; yo tout te transfere nan 10èm Batayon enfantri Repiblik dominikèn pou swit nesesè.






