Plizyè dizènn ti machann nan vil Jeremi manisfeste pou denonse pèsekisyon yap sibi anba men ajan ekzekitif enterimè yo nan Jeremi.

Jeremi, Ayiti______(TRiboLAND) Plizyè dizènn ti machann kap vann pwodwi yo nan mache piblik Jeremi an, denonse avèk anpil bouch mare, ajan egzekitif enterimè yo, ki rann yo lavi difisil, yon fason pou yo al nan espas ajan fiskal meri a. Teknik sila ke yo kalifye kòm trik mètdam pou arive pwan kòb nan men malerèz e malere.
Machann sa yo, ki fè konnen se lajan bank ou kout ponya ki nan men yo; yo mande minis enteryè ak kolektivite teritoryal lan, mesye Paul Antoine Bien-Aimé, pou mande mesye dam meri yo, pou mete dlo nan diven yo e mete fen nan zak kraze brize ak dap piyanp yo ap egzèse sou ti machann yo kap batay ak lavi.






