Kazèk katryèm seksyon kominal Jeremi an, Genèl Joseph, mande otorite jidisyè yo, pou pa antre nan okenn konpwomi ak kriminèl.

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Kazèk Katriyèm seksyon kominal, Latibolyè nan Jeremi, Genèl Joseph, ak konplisite notab nan zonn lan, arive pwosede ak arestasyon plizyè prezime kriminèl ki te touye sitwayen Jean Jacques akoż sa li posede nan rejyon an.
Nan kad dosye sila, Kazèk Genèl Joseph, mande tout sitwayen onèt ki rankontre bandi kriminèl Benice Jean Jacques, alyas Axout sou wout yo, mare misye kou krab e renmèt li bay lapolis. Konsa, li rete kwè ke se mèyè fason pou pwezime kriminèl al reponn kesyon lajistis.
Benice genyen gro tonton akizasyon ki tonbe sou li; yo repwoche’l dèske li te patisipe nan antre anndan lakay e asasinen yon sitwayen pezib ki rele Benitho.
Daprè Kazèk Genèl Joseph, pwezime kriminèl sa yo, tankou sanginè Dorilas Cebien, Marcelin Cubidon, Ronald Berjo, ki deja nan men lapolis, pa dwe jwenn liberasyon yo sou okenn fòm bòkote otorite jidisyè yo nan Jeremi.






