Nouvèl Ekip Mouvman Politik Tigwav la denonse otorite, ki di se mouvman manifestasyon yo ki anpeche lekòl fonksyone nan vil la.

1,346

Dimanch 6 novanm 2022

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Nan yon konferans pou la près jounen samdi 05 novanm 2022 a, sou Plas Dam Tigwav la, Nouvèl Ekip Politik la ki pa mete dlo nan bouch li pou denonse ajan ekzekitif enterimè meri a, Junior BONHEUR, komisè gouvènmen pakè jiridiksyon an, PIERRE Elioth Paul, komisè polis la Jean Gary JULES nan kad yon chita tande, ki deklare ke se ekip Mouvman Politik la kap manifeste chak jou Bondye mete ki anpeche lekòl la fonksyone nan komin Tigwav.

Militan yo ki di non, se pa yo mem ki anpeche timoun yo ale lekòl, se pito enkonpetans ak iresponsablite gouvènman defakto a, ki genyen Ariel HENRY nan tèt li, ki pa manifeste oken volonte pou fè lekòl la fonksyone sou tout tèritwa peyi Dayiti. Lè yo konside gaz ki moute a 570 g epi ki pa disponib nan ponp yo, dola kap sapata goud la, lavi chè, grangou mizè tout kalite nan kò popilasyon an, ensekirite, zak kidnapping yo ki pa sispann ogmante, chomaj, blakawout e latriye…

Sitwayen, sitwayèn ki angaje yo nan kad batay kap mennen pou delivre peyi a, ap poze tèt yo kesyon pou konnen eske se mouvman manifestasyon yo ki fè PM Ariel HENRY moute pri gaz la a plis ke 128%? Eske se mouvman an ki fè dola a moute nan nivo sa a? Eske se mouvman an ki kreye lavi chè, grangou, mizè tout kalite nan sosyete a? Eske se mouvman manif yo ki fè genyen ensekirite, zak kidnapping yo ak blackout andan peyi a, pandan yo denonse yon gwoup moun malonèt, yo di kap bay lajan yon fason pou kase fòs mobilizasyon an?

Nap siyale, Nouvèl Ekip Mounvman Politik Tigwav la, kase randevou ak popilasyon an, pou lindi 7 novanm 2022 kap vini la a, a 9 vè boul devan Kalvè nan lide pou yo kontinye manifeste pou fòse gouvènman ki genyen Premye Minis defakto Ariel HENRY nan tèt li a, aji fas ak ansanm revandikasyon pèp ayisyen an.

JOICY Arnold, Tigwav

Comments are closed.