“Sovè nasyon ayisyèn nan chita sou mobilizasyon pou debarase’l anba grif ranblè ak sapat e kravat yo”: pozisyon ansyen kandida depite Pòdpè a, msye Leslie Gélin

608
0
Share:
TRiboLAND

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Ansyen prezidan Alyans Fransèz vil Pòdpè a, ki alafwa ansyen kandida nan eleksyon pase yo, sou banyè OPL, Pwofèsè Leslie Gélin, ki t ap reflechi sou avni peyi Dayiti, deklare e n’ap site: “Avni peyi Dayiti pa chita sou lòt bagay ki se mobilizasyon manch long pou rive sove Nasyon Ayisyèn nan nan dègonn gang ak sapat yo pase pran gang ak kravat yo”.

Fas ak yon tèl deklarasyon, ansyen kandida OPL la, vle montre klè kon klèwoz, soti depi sou Prezidans Jean Bertrand Aristide, pase pran Prezidan René Gracia Preval, Matelly, Jovenel Moise, pou rive sou KPT sa a, ki se lòbiyis gang yo, peyi sa a pa’t janm gen moun serye ki t’ap dirije l; e se akoz enkapasite yo, ki fè Kominote Entènasyonal la foure bouch li tout longè nan zafè prive peyi a.

Pwofesè Leslie Gélin fini pou li di: nou te deja fè eksperyans ak Koudekasyon ki pa’t pote fwi. Jounen jodi a, pa gen wout pabwa, delivrans ak sove Nasyon Ayisyèn nan ak tout desten’l depann de pèp ayisyen alawonnbadè ki pou leve kanpe pou retire peyi Desalin nan anba grif bandi sangwen zèl sapat ak bandi enkonpetan ak kravat.

Share:

Leave a reply