Woy! Ayiti arive genyen 9 meday nan tounwa natasyon Karifta a nan Kiraso

1,061

Malgre peyi Dayiti ap benyen chak jou ki jou nan yon nich kris tout kalite san kanpe, atlèt li yo pa janm dekouraje non sèlman patisipe nan diferan konpetisyon entènasyonal pou leve omwens eskanp figi la Repiblik, men pou bay tout sa yo kapab pou parèt bèl nan konpetisyon yo.

Konsa, ekip nasyonal natasyon ayisyèn nan pa fè esepsyon, lè li remèt yon trè bèl pèfòmans nan dènye konpetisyon natasyon Karifta yo nan peyi Kiraso. Ekip la ki konpoze de yon seri pwofesyonèl ki metrize disiplin naje a, ranpòte 9 meday nan tounwa a.

Konsa, sou yon latriye 21 peyi, yo jwenn yon klasman dizyèm; yon pozisyon satisfezant lè ou konsidere nan ki anviwonman sosyo-politik ke atlèt yo ap evolye.

Comments are closed.