Anviwon 20 ka kolera ak plizyè lanmò anrejistre nan nivo depatman Nòdès

180
0
Share:
TRiboLAND

04-10-2023

Wanament, Ayiti _______(TRiboLAND) Nan yon entèvyou Doktè Adams Ricardo Gédéon akòde Rezo Nòdès News jounen lendi 10 avril 2023, li fè konnen Direksyon sante piblik Nòdès la anrejistre 20 ka kolera sòti mwa janvye pou rive mwa avril la.

Enfòme sou yon evantyèl ka kolera sispèk nan seksyon kominal Akil-Samdi, direksyon depatmantal Sante Piblik la deja voye yon ekip sou plas pou mennen ankèt, e entèvni pou anpeche plis domaj.

Epidemyolojis la presize gen yon ventèn ka kolerakolera ki konfime nan komin tankou Fòlibète (Akil-Samdi), Wananment, Monben-Krochi, Valyè ak Carice.

Share:

Leave a reply