Fondasyon TRiboLAND mete fen nan 2 jounen fòmasyon gratis sou kwizin ak patisri nan vil Pòdpe

Pòdpè, Ayiti______Se avèk anpil kontantman ak fyète plizyè pitit vil Pòdpè boukle 2 jounen fòmasyon gratis sou kwizin ak patisri jounen samdi 4 oktòb 2025 lan nan legliz Évangélique Baptiste Péniel nan vil Pòdpè. Pretèks yon parèy sòlòkòtò aprantisaj te antre nan kad misyon Fondasyon TRiboLAND, pou simaye fòmasyon gratis atravè peyi Dayiti, nan objektif pou konbat pwostitisyon avèk aktivite delenkwans jivenil.
Anba direktiv kòdonatè, Pastè Leonel Mocombe, patisipan yo ki te plis pase yon senkant, te anime de bòn volonte, e yo te reponn avèk anpil antouzyasm tout sa ki te konsidere kòm adaptabilite fòmasyon an ki te chita sou kwizin ak patisri. Gras ak yon fòmatris pwofesyonèlman enpekab, patisipan yon te genyen opòtinite benefisye konpetans savoir-faire madam Erline Honoré e menm metrize tout yon seri teknik kilinè ak patisri. Anpil resèt tankou : kremas kafe, gato debaz, gato fwi ranvèse, très wayal, kribich pane, diri jadinye, salad ayisyen te predomine fòmasyon an.
Seyans aprantisaj yo te plis akse sou preparasyon pla varyé, konfeksyon desè, metriz jès fondamantal yo ak itilizasyon yon seri engredyan ak zouti nan kwizin ayisyèn nan. Objetif pwimòdyàl la, se te dote patisipan yo yon seri konpetans konkrèt e amelyore kapasite kilinè lakay yo nan yon anbyans konvivyàl ak pedagojik ki te delivre nan lakou enstitisyon eklezyastik la.
Antouka, tout bagay te fini ak yon sans devwa akonpli; anpil moun espere retonbe yo ap pozitif selon jan aprenan yo toujou benefisye anndan Fondasyon TRiboLAND. Ke TRiboLAND Viv pou lontan, deklarasyon latriye patisipan nan moman fèmti fòmasyon an.






