Lig foutbòl la lanse ofisyèlman premye edisyon chanpyona regilye LFP U20 nan Pòdpè

192
0
Share:
TRiboLAND

02/20/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi vandredi 20 fevriye 2026 la, Lig Foutbòl Pòdpè lanse ofisyèlman premye edisyon chanpyona regilye li nan kategori U20. Seremoni lansman dewoule nan restoran La Joie des Amis, nan yon anbyans amikal e chaje ak espwa pou devlopman foutbòl nan rejyon an, nan prezans plizyè figi nan domèn espòtif la.

Prezidan lig la, Rock Juvens Clavel ki make zafè foutbòl la nan depatman, patikilyèman nan komin Pòdpe a kwè bò kote pa l, pou jwèt la kontinye pran jèvrenn, kolaborasyon se youn nan pi gwo chwal batay, sitou sila yo ki te make epòk yo kòm foutbolè.

Li raple tou eleksyon pou renouvle direksyon lig la ap fèt nan mwa oktòb 2026, sa ki temwaye volonte pou transparans ak bon jan demokrasi nan jesyon an, li kontinye pou di Pak Capois pa ka sèvi pou antrennman ak match ofisyèl an menm tan, li enpòtan pou lòt teren tankou sa Obè ak Pak Harold Daniel toujou disponib pou.

Chanpyona U20 sa se yon nouvo etap pou foutbòl nan Pòdpè, ak objektif pou dekouvri talan ki konfime , men ki te kache akoz yo pat jwenn opòtinite.

Rock Juvens Clavel ak eslogan li, ki se kite balon ap kontinye kenbe pawòl li!

Share:

Leave a reply