Pon Dumarsais Estimé nan rantre Sid vil Jeremi, yon veritab patrimwànn ki dwe sove.

456
0
Share:
TRiboLAND

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Pon Dumarsais Estimé, ki te konstri nan rantre Sid vil Jeremi an, nan lane 1950 sou administrasyon Prezidan Dumarsais Estimé a, tonbe an delabreman. Swasant kenz lane aprè konstriksyon, strikti achitektural pon an pa gaya; sitou aprè pasaj tranbleman tè 14 dawou 2021 an, li konplètman andomaje.

Daprè sitwayènn ak sitwayen yo nan depatman Grandans lan, fòk genyen plis leve kanpe ou mobilizasyon bò kote manm popilasyon an, pou arive konsyantize bayè fon entènasyonal yo, tankou : Bank Entè Amerikènn Devlopman (BID), Bank Mondyàl, Fon Monetè Entènasyonal (FMI), ak Inyon Ewopeyènn, yon manyè pou sove patrimwann istorik sila, ki se inik pon sispandi nan Karayib lan.

Share:

Leave a reply