Grandans: MENFP sispann lisans pwofesè Philippe Decossard pou vyòl sou yon ti lèzanj 15 lane

1,085

06 – 16 -2023

Grandans Ayiti ( TRiboLAND) Swit ak arestasyon pwofesè Philippe Decossard pou vyol ou jwèt sisinaj sou yon elev lekòl 15 lane nan komin Pestel, 5èm seksyon kominal Dichity, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesionèl ( MENFP) deside retire pwovizwaman pèmi ansenyan sitwayen Philippe Decossard kòm anseyan sistèm edikatif lan nan Grandans.

MENFP pran mezi sa a, jiskaske lajistis tranche, pandan ministè a ankouraje pou ke konsène yo kontinye kanpay sansibilizasyon ak aplikasyon regleman kod ki reji bon fonksyoman sistèm edikatif lan nan depatman Grandans lan.


Tandiske nan komin Dàm Mari, dosye vyòl pa sispann fè pawòl anpil. Doktè Peeterson Larrieux, se yon lòt pwezima koupab, ki ta fè jwèt iyan iyan sou yon lòt ti lèzanj 15 lane anndan lopital (AEADMA), nan Dàm Mari. Nan sans sa, direktè depatmantal sanitè Grandans lan, doktè Angello Duvelson ap dirije pase enstriksyon fòmèl pou administrasyon lopital lan pran tout mezi ke la lwa prewva pou rann disponib prezime kadejakè a, doktè Peeterson Larrieux ke yo di ki vyole yon ti inosan 15 lane.

Nap raple, jwèt sisinaj ak dadpiyanp doktè Peeterson Larrieux komèt la, te egzekite nan moman yon seyans konsiltasyon pou yon maladi gratèl.  Depi lè sa, lapolis ak lajistis lage degidon dèyè pwezime kriminèl la, ki jous koulya ki nan mawon.

Comments are closed.