Kòdonatè depatmantal fòs Grandans / Planòp Ayiti an, mande gouvenman anplas lan, debloke wout nasyonal nimero 2 a

01 – 18 – 2025
Komin Rozo, Ayiti_____(TRiboLAND) Kòdonatè depatmantal Fòs Grandans / Planòp Ayiti an, pwofesè Ricot Dory, nan deklarasyon li fè nan mikro TRiboLAND, mande gouvenman an plas la, debloke wout Sid la, yon fason pou moun Grandans kapab genyen aksè pou antre nan kapital la san kè sote.
Pwofesè Ricot Dory pwofite okazyon pou felisite manm konsèy Prezidansyèl yo, ak chèf gouvenman an, Alix Didier Fils Aimé, pou chwa ak nominasyon Mario Andrésol, yo kwè si tout fwa gouvenman an bay mwayen, kapab genyen anpil chans pou retabli sekirite peyi a.
Fòs Grandans / Planòp Ayiti, toujou atravè vwa kòdonatè depatmantal la, pwofesè Ricot Dory, rete kwè depi genyen lib sikilasyon nan peyi a, peyizan, ti machann nan Grandans ap kapab vake ak aktivite chak jou ki jou, e benefisye yon trankilite ak sekirite ke yo ap chèche pou yon bon bout tan.






