ajis nan komin Wozo, deside poze sele sou gravèl kontrebann lan aprè ankèt jij Ferdinand Nadèl.

847

10 – 01 – 2023

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Delege depatmantal AI Grandans lan, Mesye Louissaint Cezar, ki te akonpaye Jij depè Wozo a, Met Ferdinand Nadèl, grefye alatèt tribinal depè Wozo a, poze sele sou gravêl kontrebann ki enplike direktè depatmantal travo piblik Grandans lan, Fanfan Decime.

Nap raple nan kad dosye sila, genyen enjenyè Sony Flerancier, yonn nan responsab gravèl kontrebann lan, lajis mete nan prizon depi plis pase senk jou; alòske pakè Jeremi voye envitasyon bay direktè travo piblik la, Fanfan Decime ki chwazi pa mete pye, men ki ta sanble prefere mete kostum mawon sou li.

Nan kad dosye vòl ak sabotaj sou izinn asfalt lan ke prezidan Jovenel Moise te enstale nan komin Wozo, anpil moun estime mechanste sangwen otorite sangwen yo ale twò lwen. Presume eskanmòtè yo pote ale kawoutchou, ak anpil pyès , jis pou rann gravèl pa yo ap fonksyone.

Nan sans sa a, moun Wozo ak nan res komin Grandans yo, mande lajistis nan Jeremi, pou minis travo piblik lan ak chèf gouvenman an revoke Fanfan Decime, jije l, kondane l pou krim li komèt nan depatman an. Genyen yon lòt sèktè nan popilasyon an, ki estime ke se yon zak malonèt ki merite yon bon egzanp bwa kale! Li genyen konplisite dirijan sansal ayisyen yo ki toujou chawzi abandone tout sa ki kapab soulaje sitwayen yo nan entere pwisans kolon yo ki pa sispann efondre peyi a.

Comments are closed.