Divès aktivite mangonmen nan komin Wozo nan okazyon 2è ane komemorasyon asasinay prezidan Jovenel Moise

916

07- 08- 2023

Wozo, Ayiti____(TRiboLAND) Yo te plizyè dizènn manm gwoupman Revolisynè Grandans, sou lidèchip doktè Dorestan Pierre Jonel, yon “sitting” òganize swivi yon konferans pou laprès .

Objektif ansanm aktivite sila yo ke jovenelis yo realize nan kad reklamasyon demisyon ekip ki sou pouvwa a. Jovenelis fè konen, bagay ki sou pouvwa a, pap regle anyen serye pou peyi a. Yo pran kòm ekzanp tout projè devlopman prezidan Jovenel Moise te kòmanse yo, minis TPTC a, Rosemond Pradel, yon bèbè kap pyetinye yo, bloke yo e dechèpiye yo; se ka izin asfalte lan nan komin Wozo ki kanpe akoz yon gwoup elektrojènn. Jovenelis yo rapouswiv pou di, atoufè ou sanvègòyn ak kostim yo, detounen plis pase 15 milyon goud kite sou kont direksyon Depatmantal TPTC – G/A.

Jovenelis yo pou jounen 7 jiyè 2023 a, pat senpleman denonse ekip loray kale ki sou pouvwa ki aladeriv la, se te okazyon pou reklame demisyon doktè Ariel Henry, anmenm tan mande lajistis ayisyènn fè prèv bon sans nan dosye asasinay ansyen prezidan Jovenel Moise lan.

Comments are closed.