Posesis pou anpeche aktivite rakèt mache gaz atè yo pwopaje, komisè Jeremi an kontinye ap bay ponp yo vizit.

249
0
Share:
TRiboLAND

01 – 13 – 2025

.Jeremi, Ayiti (TRiboLAND) Pandan weekend lan, komisè gouvenman pakè jiridiksyon Jeremi lan Mèt Jean Marie Gaetjeens Alexandre, kontinye vizite ponp gaz yo, nan vil Jeremi. Konsa, vizite ponp gazolinn yo pèmèt manm popilasyon okouran zak malonnèt ponpis yo ki nan danse kole ak aktivite delwayàl ou mache nwa. Anplis, routinn sa yo itil nan kontwole pri galon gazolinn lan ki te konn vann 1500goud, pou koulya  lap vann 750goud a 850goud.

Chofè taksi moto, menm jan ak lòt manm sektè transpòtè yo, bat bwavo lakontantman, pou nouvo dispozitif otorite yo pran nan Jeremi. Selon yo menm, se yon seri mezi ki esplike kèk nan otorite yo deside jwe zèl kat la anfavè popilasyon an.

Konsa, popilasyon an kontinye mande otorite yo pou entèdi pwopriyetè ponp yo, pa vann gaz nan dwoum pou fè mache nwa; konsa, sa ap ede sitwayèn ak sitwayen yo rale yon souf.

Share:

Leave a reply