Lopital Chansrèl relouvwi baton pòt li aprè nèf mwa kadnase

258
0
Share:
TRiboLAND

12 – 02 – 2024

Pòtopwens, Ayiti______(TRiboLAND) Lopital Chansrèl ouvwi pòt li aprè nèf mwa pòt kadnase. Reouvèti a te make avèk yon seremoni ki te jwen benediksyon patenarya òganizasyon ALIMA, sosyete sivil la ak pèsonèl ospitalye a.

Minis Sante a, Doktè Dickenson Lorthé Bléma te mete aksan sou enpòtans rewouvèti sila, ki fasilite swivi medikal fanm ansent yo ak mete yon bemòl sou konplikasyon ak monte nivo mòtalite matènèl ak anfantil yo. Doktè Lorthé Bléma rapouswiv pou li pwomèt ke yo ap fè tout sa ki nan pouvwa yo pou garanti aksè laswenyaj yo.

Redemaraj Lopital Chansrèl la se yon sinyàl ki montre yon nivo angajman fas ak sante popilasyon an nan peyi Dayiti, li pote espwà bay fanmiy yo, patikilyèman sa yo ki anba gro malmakak ekonomik.

Sepandan, kritik yo ap chèche konnen ki lè lot lopital yo tankou enstitisyon Inivèsite Deta Dayiti ap louvre egalman pòt li?

Share:

Leave a reply