Anviwon 700 jèn gradye nan mason, plonbri ak enèji solè nan kad pwojè “Viva Rio nan tèt kole ak BID, FAES”

301
0
Share:
TRiboLAND


07 – 19 – 2024

Pòtoprens, Ayiti _____(TRiboLAND) Òganizasyon “Viva Rio nan tèt kole ak BID e FAES” gradye anviwon 700 jèn nan mason, plonbri ak enèji solè jounen vandredi 19 jiyè 2024 la. Pwojè sa òganize sou tèm : “Yon jenès prepare pou yon demen miyò”, vize fòme jèn nan tout nivo pou byennèt peyia.

Daprè Minis Afè Sosyal la, Frantz Wilbert Georges, se yon moman enpòtan pou gouvènman ke li fè pati a, paske nan Ministè a youn nan bagay ki enterese yo se pèmèt chak jenn fanm ak gason gen yon metye nan men yo. Pa gen peyi ki ka djanm si lajenès peyia pa djanm, e pa gen jèn ki ka djanm si yo pa gen anyen nan men yo pou pèmèt yo sèvi tèt yo.

Responsab òganizasyon “Viva Rio” yo nan kad aktivite a, montre santiman satisfaksyon yo, ak montre volonte yo genyen pou kontinye travay sa. Jèn yo bò kote pa yo te kontan yon aktivite parèy ki pèmèt yo gen yon pwofesyon manyèl. Yo swete gouvènman kreye yon bon klima kap pèmèt yo gen posiblite pou yo jwenn travay.

Share:

Leave a reply