Aparèy jistis la anbreye nan komin Senlwidinò.

1,725

06-10-2022

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan tan lontan, tribinal depè komin Senlwidinò te konn fonksyone ak 3 jij; depi anviwon 2 lane absans jij nan tribinal nan komin nan trè remakab. Si out e vle kwè, genyen aktyèlman yon sèl jij pou yon popilasyon ki evalye anviwon 36 mil abitan. Konsa, sa lakoz jistifyab yo paka jwenn yon ti kiyè jistis jan lalwa prevwa l la.

Pou jistifyàb ki pafwà nan bezwen lòt sèvis ki ta mande yon deplasman, se gwo difikilte, soufrans ak tray. Konsa, sa okazyone yon katafal deriv kote ke sitwàyen yo oblije bay tèt jistis oubyen pran wout Ti Sentann. Sitwayen yo pa sispann rele 2 men nan tèt pou jistis la ki inopere nan komin Senlwidinò. Yo bouke rele pou sèvi yo ki manke efikas epi ki pa  disponib pou tout moun.

Nan ka sa, si pouvwa santral ak ministè lajistis pa fè yon men leve pou nome lòt jij pou ranfòse sèvis yo nan tribinal depè nan komin Senlwidinò la, pita ka vin pi tris, ou kafe popilasyon nòlwizyènn kapab koule ak ma.

Pierrilien Nicol Colly, TRiboLAND

Comments are closed.