FNE konstwi yon lekòl tounèf nan Leyogàn

10 – 07 – 2024
Leyogàn, Ayiti_____(TRiboLAND) Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl te mete tèt yo ak direksyon jeneral Fon Nasyonal Edikasyon an pou inogire yè madi 2 oktòb la yon lekòl tou limen, espas nèf ki loje Lekòl Nasyonal Leyogàn nan.
Yon parèy projè arive ateri, gras ak efò ou jerans Fon Nasyonal Edikasyon an (FNE), ki konpran nesesite pou ranfòse enstitisyon eskolè yo nan site Anakawona a. Plizyè gro potanta, nan okazyon an te pran lapawòl. Alòske minis Edikasyon an, profesè Antoine Augustin ak tout dirèktè Fon Nasyonal Edikasyon an, profesè Ronald Joseph te fè santi prezans yo nan yon evènman parèy.
Lekòl Nasyonal Leyogàn nan, se yon bijou ki te finanse pou yon montan 82 milyon goud Lesko. Nou vle raple, kèk responsab nan KPT a, te egalman ale pote kole nan yon lòt ignogirasyon ki gen pou wè avèk yon nouvo lekòl: Melonyè nan lokalite Chantal.







FNE ap travay wi la.
Fondation Triboland Mombin-Crochu