ANAP revoke nouvo direktè BSAP branch Nòdwès la.

455
6
Share:
TRiboLAND

09 – 08 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Nan yon lèt ki pote non Ajans Nasyonal Sifas Pwoteje yo, mesye Joarilus Placide, mande ak nouvo direktè BSAP branch Nòdwès la, Paul Petit Ronald rache manyòk li e kite kò BSAP la.

Dapwè direktè ANAP la yo pran desizyon sa a paske yo estime ke Paul Petit Ronald ta vyole sikilè 5 desanm 2023 ak Nòt 16 avril 2024 la.

N’ap raple ou ke desizyon sa a sòti, tout swit aprè Paul Petit Ronald ke tout moun konnen sou non “Papa Loulou”, ta pral enstale tèt li kòm direktè nan tèt BSAP Nòdwès la pou yon ti bout tan.

Share:

6 comments

Leave a reply