Yon polisyè tonbe anba bal bandi sangwen pandan li pra’l travay

300
0
Share:
TRiboLAND

08 – 28 – 2024

Dèlma, Ayiti _____(TRiboLAND) Bandi sangwen touye anba kout bal Medjine Pierre nan zòn Katalpa ki trouve-l Dèlma 75, maten mèkredi 28 dawout 2024 la, nan moman li tapral travay. Medjine Pierre se yon polisyè egzanplè ki te soti nan 28èm pwomosyon PNH la.

Bandi sangwen tout plim, tout plimay pa sispann simen dèy nan enstitisyon PNH la. Chak jou ki jou enstitisyon lapolis kontinye ap konte kadav, yon sitiyasyon ki pèmèt yo parèt enpwisan devan bandi yo ki kontinye ap pran plis tèritwa.

Ke nanm Medjine repoze nan lapè e li tounen yon giyon nan tèt tout kriminèl sangwen ki presipite lanmò li!

Share:

Leave a reply