CJP dekonsè ak VHDH rann yon vizit nan depatman Gransid peyi a.

337
1
Share:
TRiboLAND


07 – 25 – 2024


Okay, Ayiti ___(TRiboLAND) Asosyansyon Sèk Jounalis Tigwav (CJP) dekonsè ak Vizyon Ayisyèn Dèdwazimen (VDHDH) rann yon vizit nan depatman Gransid peyi a, espesyalman pakè jiridiksyon Okay la ak direksyon depatmantal polis la, mèkredi 24 jiyè 2024 la.

Konsa, delegasyon sila ki pat piti, te chita pale ak nouvo Komisè gouvènman ai pakè Okay la, Mèt James Jean Louis ak chèf kabinè direksyon depatmantal polis la.

Selon sekretè jeneral CJP a, Wagner Noël ak kòdonatè VHDH la mèt Jules Romilus, echanj yo te chita sou sansibilizasyon, sekirite, jistis, relasyon ant lapolis ak lajistis, relasyon ant lapolis, lajistis ak popilasyon an epi ki sa defi yo ye nan depatman Gransid peyi a.

Toutfwa, responsab 2 estwikti sa yo, deklare apwè rankont yo, otorite yo nan vil Okay di yo pran nòt e pran egalman an konsiderasyon ansanm konsèy yo ak rekòmandasyon yo.

Otorite yo pwomèt yo pral travay pou trake bandi sangwen, Kriminèl yo ki kouri kite kapital la pou al simen latwoublay nan depatman Gransid peyi a.

Share:

1 comment

Leave a reply