Tigwav: 4 jij vote Mèt Hérod Bazile pou reprezante yo nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a

07- 24 – 2024
Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Kat (4) jij Depè sou 5, vote Mèt Hérod Bazile pou reprezante yo nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) nan yon eleksyon ki dewoule nan tribinal sivil premye enstans Tigwav la, jounen mèkredi 24 jiyè 2024 la, se Dwayen Fritzner Duclair ki te prezidan biwo elektoral la.
Elektè jij Depè yo sou bò pa yo, prèske vote nan menm sans, kote kat (4) jij Depè sou 5, vote Mèt Hérod Bazile, jij Depè yo ki deklare, yo chwazi Mèt Hérod, se paske yo wè nan li, yon moun ki kapad ekspoze ansanm revandikasyon yo devan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) a.
Nap siyale, se sèl jij Depè titilè yo ki genyen dwa pou vote Mèt Hérod Bazile nan eleksyon an, pou reprezante yo nan Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ).






